Yon alfabè se yon ansanm estandadize senbòl ekri ki pèmèt reprezante son yo pou yon lang. Senbòl debaz yo nan yon alfabè rele "lèt". Se pa tout sistèm ekri ki reprezante langaj nan fason sa a. Nan yon silabè, chak karaktè reprezante yon silab, pou egzanp, ak sistèm logografik itilize karaktè yo reprezante mo, mòfèm, oswa lòt inite semantik.

Alfabè kreyòl ayisyen

modifye

Alfabè kreyòl la baze sou alfabè laten an. Akademi Kreyòl Ayisyen an rekondui alfabè 1979 la ki rekonèt lang kreyòl an genyen trannde (32) son (syans lengwistik rele fonèm). Alfabè a reprezante son yo avèk 32 senbòl kote chak senbòl reprezante yon fonèm (syans lengwistik rele senbòl sa yo grafèm).

Pami 32 grafèm sa yo, genyen ki fèt avèk yon (1) grenn lèt oubyen yon (1) graf, genyen ki fèt avèk 2 lèt (syans lengwistik rele grafèm sa yo digraf) epi gen youn ki fèt ak twa (3) lèt (leng epi gen youn ki fèt ak twa (3) lèt (syans lengwistik rele li trigraf).

Pami 32 grafèm sa yo, genyen 12 grafèm pou son vwayèl, 18 grafèm pou son konsòn, 2 grafèm pou demi vwayèl/demi konsòn.

Alfabè kreyòl la trè enpòtan, paske tout lèt yo pwononse nan yon konvezasyon. Alfabè kreyòl la genyen 30 lèt nan 32 grafèm.

Nan lang kreyòl ayisyen, grafèm ki reprezante son yo : a , an , b , ch , d , e , è , en , f , g , h , i , j , k , l , m , n , ng , o , ò , on , ou , oun , p , r , s , t , ui , v , w , y , z.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye
Wikimedia Commons genyen dokiman medya, imaj, video sou :
  NODES
os 3